
BIENVENI KAY BONDYE
"Antre nan Tanp li, di l mesi! Antre kote ki apa pou Li a, chante pou Li! ..." Sòm 100.4
Legliz de Dye IECC vle akeyi ou jodi a!
Kèlkeswa ras ou, lang ou, kèlkeswa kote w soti,
Ou LAKAY OU. Nou salye w, e nou renmen w anpil, frè ak sè nou yo, nan non Jezi. Si ou poko fè pati yon kongregasyon, pa ezite fè Legliz sa a, Legliz pa w jodi a. Nou se “kay Bondye, ki se Legliz Bondye vivan an, Poto ak fondasyon Verite a” I Tim 3.14
Nou envite w adore Bondye avèk nou! Ann fè lwanj Senye a ansanm, epi kite L chanje Lavi n. Si w'ap chèche yon Legliz vityèl oswa fizik, jis pou tèt ou, timoun ou yo, tout fanmi ou, ou byen tonbe, w'ap renmen Kominote nou an. Ou pral nan yon anviwònman kote ou menm, tout fanmi an ap jwenn renmen ak lanmou Seyè Jezi a. Reflechi kounye a menm, epi planifye yon vizit .

